
Pwen esansyèl Konferans 2024

Mèsi paske w te rejwenn nou
Nou te pran anpil plezi pou nou konekte nou ak lekòl , distribitè eoi pwodiktè ki nan tout Florida a pandan n ap selebre tèm Konferans 2024 nou an ki se Simen Siksè epi gide envite yo atravè 3 pilye fèm nan lekòl yo:
- Jaden nan lekòl
- Edikasyon Agrikòl
- Akizisyon
Rezime Konferans 2024 la
Pandan inisyativ ak rezo Farm to School la ap devlope, Konferans Farm to School la ofri yon moman ekstrawòdinè pou reflechi soou enpak nou an. Farm to School ranfòse sistèm alimantè nan Florida gras ak efò apwovizyònman local, gras ak ranfòsman kapasite yo, devlopman resous yo, asistans Teknik epi gras ak pasyon w. Ansanm n ap kontinye “Simen Siksè” pou Farm to School Florida.
Pou ranfòse kolaborasyon nan tout aspè Farm to School yo, nou te mete twa pilye nou yo annavan: Edikasyon, Apwovizyònman ak Jaden Eskolè atravè 24 atelye diferan. Pou chak atelye se yon ekspè ki baze nan Forida ki tea nim yo e chak atelye yo kouvri sijè tankou antretyen jaden eskolè, plantasyon fore alimantè, konkte lekòl yo ak pwodiktè yo, devlopman pwogram agrikilti ak rediksyon dechè alimantè nan kafeterya yo.” – Komisè Wilton Simpson
A Natural Farm
Nan A Natural Farm patisipan nou yo te eksplore epi aprann kijan pou yo kreye yon forè alimantè ki miks nan plizyè nivo. Leson yo te gen ladan yo kòman pou yo maksimize espaj jaden an, kòman pou yo ogmante biyodivèsite nan peyizaj yo ak kòman pou yo bien itilize te konpò yo ak teknik payaj sou plas yo pou kreye yon vi ki rich nan sòl la.
Ansanm nou te vizite forè alimantè ak pepinyè A Natural Farm nan ki genyen plis pae 130 espès pye bwa fui ak plant medisinal, yo tout kiltive san pwodui chimik. Agrikiltè ki genyen plis pase 20 lane eksperyns aprann nou kòman pou nou kreye peyizaj ki rezilyan ak komestib gras ak teknik agrikilti rejeneratif.
Long and Scott Farms
Nan Long and Scott Farms patisipan yo te imèje nan kilti agrikòl sant Florida e yo te gen okazyon pou yo te patisipe nan yon evènman glanaj Pratik ak Society of St. Andrew.
Vizit la te gen ladann yo pwomnad nan charèt ki mete an evidans diferan pwen pwodiksyon lè w pran kòm egzanp yon gran eksplwatasyon agrikòl. Konsa patisipan yo te rive konprann kisa kilti sou gran sifas la ye ak ki kote manje nou yo soti. Hank agrikiltè . Long and Scott ak reprezantan Society of St. Andrew te pataje pasyon yo pou agrikilte ak altwuiyis pandan yo te soulinye patenarya yo ki genyen 25 lane.