Skip to content
Chef cooking demonstrating at the F2S Conference

Depatman Agrikiliti avèk Sèvis Konsomatè Florid lan Akeyi Kolòk Farm to School Florid lan

10 mas 2023

HOWEY-IN-THE-HILLS, Fla. – Semèn sa a, Depatman Agrikilti avèk Sèvis Konsomatè Florid lan (FDACS) te akeyi Kolòk anyèl Farm to School li an nan dat 9-10 mas nan Florid Santral avèk lekòl, distribitè epi pwodiktè ki te soti nan tout eta an pou ogmante kantite pwodwi Florid yo sèvi nan lekòl yo. Kolòk sa a te yon evènman de jou kote patisipan yo te aprann enfòmasyon sou pi bon pratik pou jaden nan lekòl epi pwosesis mache piblik, te fè rezotaj avèk lòt defansè Farm to School, epi tande reyisit patnè yo avèk strateji pou yon Pwogram Farm to School ki reyisi.

“Lè lekòl nou yo bay manje ki rekòlte nan Florid priyorite, nou tout reyisi—kit se agrikiltè lokal yo ki kiltive manje yo, moun ki delivre manje yo, pèsonèl lekòl yo ki achte manje yo, jiska elèv yo ki jwenn manje fre ki nourisan, epi chak Floridyen tou,” se sa Komisè Wilton Simpsyon te di. “Kolòk anyèl Farm to School nan Florid lan prezante yon gwo opòtinite pou envite tout sa ki patisipe nan pote manje pou dejene elèv nou pou yo reyini epi fè yon enpakt enpòtan nan vi elèv yo nan Florid yo epi tout sektè ki genyen rapò avèk agrikilti yo.”

Inisyativ Farm to School nan Florid FDACS lan travay pou amelyore koneksyon ki genyen ant kominote yo avèk kiltivatè lokal yo pou ogmante kantite pwodwi Florid yo sèvi nan lekòl yo, ofri opsyon ki pi sen pou timoun nan Florid yo, epi ede elèv yo patisipe nan edikasyon sou nitrisyon avèk agrikilti a travè aktivite jaden skolè.

Pou bay kiltivatè Florid yo plis sipò epi pou ranfòse sektè agrikilti Florid lan ki deja solid, Senatè Eta an, Jay Collins epi Reprezantan Eta an, Danny Alvarez te denyèman depose SB 1164 epi HB 1279, ki genyen ladan yo dispozisyon pou kreye yon preferans pou sèten ajans avèk enstititsyon piblik achte aliman agrikilitè Florid kiltive. Pwojè lwa sa a, ki mete agrikiltè avèk elèv Florid nan premye pozisyon, se youn nan pi gran priyorite Komisè Simpson pou Sesyon Lejislativ regilyè 2023 an.

Pandan ane skolè 2021-2022 an, lekòl nan Florid yo te achte plis pase $45 milyon pwodwi Florid, epi sa te kontribye nan enpakt ekonomik total $97 milyon.

Pou plis enfòmasyon sou evènman an, vizite paj wèb Kolòk Florida Farm to School lan.

Pou plis enfòmasyon sou Komisè Simpson epi Depatman Agrikilti avèk Sèvis Konsomatè Florid lan, vizite sit FDACS.gov lan.

Haitian Creole