
Nou relve Defi pou Rekipere Manje nan Florid lan!
Lekòl yo gen yon wòl spesyal pou yo jwe, pa sèlman pou redwi gaspiyaj manje epi rekipere manje, men tou nan edike pwochen jenerasyon yo sou enpòtans konsèvasyon manje epi rekiperasyon eksedan manje ki bon.
Pou fè sansibilizasyon sou kantite manje ki jete nan refektwa lekòl yo, Sèvis Manje, Nitrisyon avèk Byennèt lan nan Depatman Agrikilit avèk Sèvis Konsomatè Florid lan te òganize yon Defi pou Rekipere Manje nan Florid mwa oktòb lan pandan Semèn Nasyonal pou Manje Midi nan Lekòl lan.
Senk lekòl nan Powgram Nasyonal pou Manje Midi nan Lekòl yo te resevwa yon nouvo “p paanyetaj”, ki te genyen ladan yo ti frijidè epi kès avèk etikèt sou yo pou ranmase manje. Elèv yo te aprann avèk amizman sou panye pataj lan nan yon demonstrasyon Spesyalist Rekiperasyon Manje FDACS lant e fè.
Lè yo te rezève yon espas ki te deziyen pou elèv yo depoze manje long konsèvasyon epi refrijere yo pat vle, te genyen mwens manje ki te jete nan poubèl epi yo te mete manje sa yo a dispozisyon elèv ki pat gen manje.
Lè yo te relve Defi Rekiperasyon Manje Florid lan, lekòl yo te vin pi an mezi pou yo asire mwens manje te gaspiye nan refektwa yo.
Pou plis enfòmasyon sou manyè pou lekòl ou mete an plas yon pwogram rekiperasyon manje, silvouplè kontakte [email protected]