FAQs
Èske mwen ka reponn plis pase yon sijè?
Èske mwen ka soumèt plis pase yon redaksyon?
Non, chak elèv gen dwa pou soumèt yon redaksyon sèlman pou yo egzamine. Si ou soumèt plizyè redaksyon, nou ap sèlman revize ak note redaksyon ou te soumèt an premye a.
Ki règ yo pou patisipe?
Ou ka jwenn règ konplè pou patisipe yo nan paj Règ ofisyèl nou an. Tanpri revize règ sa yo ak anpil atansyon pou asire w travay ou soumèt la respekte tout kondisyon yo.
Ki prim konkou a?
Y ap chwazi yon premye, yon dezyèm ak yon twazyèm gayan pou konkou a pandan y ap sèvi ak kritè jijman ki mansyone nan Règ ofisyèl.
Review additional prizes on our paj Konkou Farm to Schoolnou an, anba Prim Konkou.
Èske mwen ka jwenn èd nan men yon paran, yon pwofesè oswa yon zanmi?
Menm si li bon pou chèche opinyon ak konsèy, redaksyon an dwe pwòp travay ou. Asistans dirèk nan ekri oswa fè modifikasyon enpòtan yon lòt moun fè pou ou p ap otorize, paske nou vize evalye konpetans endividyèl ou nan ekri.
Èske y ap verifye redaksyon pou gade si se pa kopye mwen kopye l oswa si kontni yo se pa IA ki ban m yo?
Wi, nou itilize zouti ki pèmèt nou detekte si se kopye ou kopye l ak si w itilize entèlijans atifisyèl (IA) pou asire nou tout redaksyon yo orijinal epi yo pa ekri ak lojisyèl IA. Redaksyon yo jwenn ki se kopi oswa ki sèvi ak kontni IA yo ap diskalifye nan konkou a.
Mwen pa satisfè egzijans nivo yo men mwen bon anpil nan ekri redaksyon. Èske mwen ka toujou patisipe?
Konkou redaksyon Farm to School ouvri sèlman pou elèv lekòl segondè Florida yo, sa vle di elèv ki nan klas 9yèm, 10yèm, 11yèm oswa 12yèm ane nan moman yo ap patisipe a. Malerezman, nou pa ka aksepte travay elèv ki pa nan klas sa yo pou konkou sa a.
Men, si ou gen yon timoun ki pi piti ki ant sèt lane ak 13 lane ki pasyone pou agrikilti ak Kizin Florida, nou ankouraje w aprann plis sou konpetisyon Florida Future Chef nou an!!
Èske mwen bezwen itilize yon fòma oswa yon estil ekriti espesifik?
Menm si ou pa bezwen suiv yon estil oswa fòma ekriti espesifik, nou ap chèche òganizasyon ak koyerans nan redaksyon w lan.
Tanpri asire w ou suiv pi bon pratik ekriti debaz yo, tankou itilizasyon yon tit, paragraf ak tit seksyon, si genyen.
Kijan mwen ap fè konnen nou resevwa redaksyon mwen an?
Aprè w fin soumèt redaksyon w lan, w ap wè yon ekran konfimasyon ki ap fè w konnen ou soumèt redaksyon w lan.
Mwen rate dat limit la, èske mwen ka gen yon ekstansyon?
We are unable to grant extensions for missed deadlines. Please ensure that your essay is submitted by 11:59 pm EST November 17, 2025.
Mwen fè yon erè, èske mwen ka mete redaksyon mwen an ajou?
Depi yo fin soumèt yo, yo pa ka mete redaksyon yo ajou oswa revize yo. Tanpri asire w redaksyon lan fini nèt anvan w soumèt li.
Ki jan yo pral jije redaksyon yo?
Tout redaksyon yo soumèt yo ap jije daprè kritè sa yo.
- Konpreyansyon sijè a: 30%
- Kreyativite: 25%
- Efikasite: 25%
- Estil literè, gramè ak òtograf: 20%
Komisyon pwofesyonèl redaksyon an ak espesyalis nan nitrisyon ak agrikilti nan Depatman Agrikilti ak Sèvis Konsomatè nan Florida ap revize travay ou soumèt la ak anpil atansyon epi san patipri.
Kilè yo ap anonse gayan konkou a?
Winners will be notified by December 20, 2025, then announced on our main Farm to School Essay Contest page by January 16, 2026.
Èske y ap fè m konn sa si mwen pa genyen?
Winners will be notified by December 20, 2025, then announced on our main Farm to School Essay Contest page by January 16, 2026.
Mwen se yon pwofesè ki enterese pataje konkou a ak elèv mwen yo. Kòman mwen ka enplike m?
Nou ta renmen ou ede nou pataje mesaj la! Ou ka pataje enfòmasyon sou konkou a ak elèv ou yo atravè anons klas, bilten enfòmasyon oswa lè w distribye flayè konkou nou an. Nou kreye tou kontni ki tou prepare pou medya sosyal ak kontni imèl pou ou ede konkou a pwopaje atravè chanèl ou ak nan lekòl ou a.
Kijan mwen ka aprann plis sou inisyativ Farm to School Florida a?
Ou bon kote pou aprann plis sou inisyativ Farm to School Florida a! Sit wèb sa a se yon sèl sous ou pou jwenn tout sa ki konsène Farm to School la.
Aprann plis sou misyon nou,eksplore resous ki fèt pou pwofesè, Pwofesyonèl Nitrisyon Lekòl ak pwodiktè yo, aprann sou pòtay Florida Farm Connect nou an – ak anpil lòt bagay ankò.