Skip to content

Rekòlt Mwa nan Florid

Kisa ki Rekòlt Mwa an?

Rekòlt Mwa an nan Florid ankouraje timoun manje plis fwi avèk legim epi fè pwomosyon pratik manje nan sezon, rejim ki sen epi edikasyon agrikòl.

Li mete aksan sou yon pwodwi ki soti lokalman nan Florid chak mwa ki an vedèt nan lekòl avèk saldeklas yo. Rekòlt Mwa an se yon pi bon konpleman pou lòt inisyativ Farm to School yo. Li founi leson gratis, ki tou pare epi ki genyen rapò avèk standa akademik de baz ki eksplore epi fè pwomosyon itilizasyon pwodwi ki kiltive nan Florid nan saldeklas K-8 yo.

Pwogram lan genyen pou objè founi bay patisipan yo pwodwi lokal ki sen epi an menm tan bay agrikiltè epi pwodiktè manje Florid yo sipò.

Rekòlt Mwa an

Harvest of the Month resources are almost yours! Please complete the fields below to download resources.

Poukisa Rekòlt Mwa an?

Lè ou entegre Rekòlt Mwa an nan lekòl ou, sa:

  • Ankouraje elèv yo goute nouvo manje epi ogmante konsomasyon fwa avèk legim
  • Redwi gaspiyaj manje
  • Ogmante patisipasyon nan kantin skolè
  • Edike elèv yo sou enpòtans nitrisyon, fè pwomosyon agrikiltè local yo epi agrikilti nan Florid
Haitian Creole