Inisyativ Farm to School nan Florid
Inisyativ Farm to School nan Florid
Inisyativ Farm to School nan Florid lan travay pou ogmante kantite danre Florid yo sèvi nan kantin skolè yo, pou ofri opsyon ki pi sen kòm manje pou timoun nan Florid epi ede elèv yo patisipe nan edikasyon sou nitrisyon ak agrikilti a travè aktivite jadinaj nan lekòl yo.
Pwogram Farm to School lan ranfòse sistèm manje lokal nan Florid yo lè yo elaji aksè ant lekòl yo, jaden yo epi kominote yo. A travè efò mache piblik, ranfòsman kapasite, devlòpman resous, asistans teknik epi fòmasyon, pwogram Farm to School nan Florid lan ankouraje yon relasyon ekonomik ki pozitif ant pwodikte aliman yo epi lekòl yo.
Misyon pa nou
Misyon Sèvis Aliman, Nitrisyon epi Byennèt lan se:
- Veye pou chak timoun nan Florid jwenn aksè nan yon repa sen epi nourisan chak jou
- Konsyantize epi ogmante konsomasyon danre agrikòl Florid yo
- Redwi ensekirite alimantè pami popilasyon Florid ki pi vilnerab yo
- Ankouraje jandevi ki sen pami rezidan Florid yo
Vizyon pa nou
Pou nou vin lidè nasyonal nan afè administrasyon inisyativ sou aliman, nitrisyon avèk byennèt.
Farm to School ede tout timoun jwenn bon kalite manje lokal ki nourisan pou yo kapab prè pou yo aprann epi grandi. Aktivite Farm to School yo amelyore edikasyon nan saldeklas yo a travè ansèyman pratik ki genyen rapò avèk afè aliman, sante, agrikilti epi nitrisyon.
Farm to School kapab reprezante yon gwo debouche ekonomik pou agrikiltè, pechè, elvè, transfòmatè aliman avèk fabrikan aliman lè li louvre pòt aksè nan yon mache enstitisyonèl ki vo plizyè milya dola.
Farm to School pote benefis pou tout moun, kit se elèv, pwofesè epi administratè, paran avèk agrikiltè, lè li louvri debouche pou ranfòse patisipasyon fanmi avèk kominote yo. Lè se nan men pwodiktè avèk transfòmatè yo nou achte, sa kreye nouvo anplwa epi ranfòse ekonomi lokal lan.

Eleman Kle
Mizanplas Farm to School lan pral varye selon lokal lan men li pral toujou genyen ladan li youn oubyen plizyè nan eleman sa yo:
- Edikasyon
Aprann timoun lekòl sou agrikilti nan Florida, manje ki nourisan epi bonjan abitid alimantè ki bon pou sante - Jaden Skolè
Angaje elèv yo nan ansèyman pratik a travè aktivite epi atelye nan jaden - Apwovizyònman
Amelyore aksè lekòl yo nan aliman nourisan ki soti lokalman nan Florid

As a Farm to School Coordinator and Food Recovery Specialist at the Florida Department of Agriculture and Consumer Services, Bela Delgado has a passion for implementing effective food systems and creating resilient agriculture literacy programs in Florida schools. In this role, she provides support in the development and implementation of Food Recovery programs in schools and educational programming in the Farm to School initiative.

Michael Carter has been working in agriculture for nearly a decade and is a Farm to School Outreach Coordinator for the Florida Department of Agriculture and Consumer Services. In this role, he works to expand and build the Farm to School initiative by assisting in the establishment of school gardens, educational programming and integrating fresh Florida produce into schools.

Jason Dial is a Farm to School Coordinator with the Florida Department of Agriculture and Consumer Services. In his role, he works to educate Farm to School stakeholders, including Florida producers and schools, about opportunities to engage with the Farm to School initiative. Jason also serves as facilitator for the Department’s “Bringing the Farm to School” procurement trainings.

Enpakt Nou
During the 2023-24 school year, Florida schools purchased over $34 million in Florida products.