Skip to content

Aliman san Danje

Lunchroom lady helping a student

Pratik pou Aliman san Danje

Si ou pwodwi aliman oubyen ou prepare manje, kenbe manje an san danje se yon eleman enpòtan pou manje sen.

Familyarize ou avèk meyè pratik pou fwi ak legim san danje, tankou resepsyon, antrepozaj, manitansyon avèk transfòmasyon. Sa pral ede asire ou rete pwoteje epi bay meyè gou epi plezi nan manje!

Man holding washed lettuce in a kitchen

Kòman Nou Ede

Depatman Agrikilti avèk Sèvis Konsomatè Florid lan jeneralman règlemante operasyon vant manje an gwo, operasyon transfòmasyon pwodwi alimantè epi operasyon antrepozaj/depo.

An menm tan Depatman Sante Florid (DOH) travay avèk enstitisyon alimantè pou ede asire pwodwi yo pa lakòz òkèn maladi ki transmèt nan manje. Pwogram Enspeksyon Depatman Sante DOH lan baze sou risk. Donk, enstalasyon yo ki reprezante pi gwo risk pou piblik lan ta vin malad dèske yo manje pwodwi yo enspekte pi souvan pas sa ki poze mwens risk yo.

Pou Lekòl
Lòt Resous Anplis

Aliman san danje se yon pati enpòtan nan Pwogram Nitrisyon Timoun ki byen reyisi. Veye pou konsilte resous yo ki elabore nan enstiti nitrisyon timoun lan, USDA, epi lòt òganizasyon pou ede asire aliman san danje nan pwogram ou. 

Aprann Plis
Fòmasyon sou Manitansyon Aliman: Manje san Danje nan Lekòl yo

Enstiti pou Nitrisyon Timoun lan kreye fòmasyon sa a pou bay anplwaye nan kestyon alimantè nan lekòl yo jwenn enfòmasyon ki a jou sou manje san danje. Li genyen ladan li leson avèk aktivite pou patisipan yo aprann sou konsèpt aliman san danje ki nesesè pou prepare epi sèvi manje san danje. Li bay tou oryantasyon sou fason pou kenbe enstalasyon alimantè nan lekòl yo ijyenik epi san danje.

Swiv Fòmasyon an
Fòmasyon sou Manitansyon Aliman: Egzijans Anyèl sou Fòmasyon

Kòm enstitisyon pou sèvis alimantè ki anba règleman Depatman Sante Florid lan, lekòl yo anba obligasyon pou yo bay anplwaye yo fòmasyon chak ane. Se responsabilite manadjè sètifye an, oubyen moun ki responsab lan, fè fòmasyon oubyen asire fòmasyon tout anplwaye yo ki anba sipèvizyon yo epi kontwole kiyès ki patisipe nan antrepozaj, preparasyon epi sèvis aliman, epi netwayaj ekipman, istansil epi sifas ki gen kontakt avèk manje epi pi pa gen kontakt avèk manje, an konfòmite avèk pratik ijyenik ki akseptab.

Li Gid DOH lan sou Fòmasyon Anplwayes
Codes & Statutes
Èske ou Konnen Kontakt ou pou Aliman san Danje ?

Veye pou konnen reprezantan pou Sekirite epi Ijyèn Alimantè nan Depatman Sante ou pou rete a jou sou egzijans meyè pratik nan afè sekirite aliman san danje.

Ou kapab tou kontakte ekip Aliman san Danje FDACS lan nan [email protected].

Jwenn Reprezantan ou
Pou Pwodiktè
Fòmasyon Anliy: Klas Produce Safety Alliance

Klas sa a sèvi kiltivatè fwi, legim epi lòt kiltivatè ki enterese aprann sou pwodwi agrikòl san danje, lwa modènizasyon manje san danje an ki rele Food Safety Modernization Act (FSMA) Produce Safety Rule, GAP yo epi ko-jestyon resous natirèl epi manje san danje.

Klas fòmasyon kiltivatè ki rele PSA Grower Training Course lan se yon fason pou satisfè egzijans Fwi ak Legim San Danje FSMA an ki elabore nan § 112.22(c) ki egzije: “Minimòm yon sipèvizè oubyen responsab pou eksplwatasyon agrikòl ou an dwe reyisi fè fòmasyon manje san danje an ki omen ekivalan avèk sa yo resevwa anba kourikoulòm standadize ki rekonèt kòm adekwa nan Administrasyon Manje avèk Medikaman oubyen Food and Drug Administration”.

Aprann Plis
Fòmasyon Anliy: Klas sou Mizanplas Bon Pratik Agrikòl

Klas twa semèn sa a ki baze nan entènèt lan fèt pou amelyore konesans ou sou Bon Pratik Agrikòl (GAP). Klas lan gide evalyasyon risk epi mizanplas pratik pou redwi risk sou eksplwatasyon ki pwodwi fwi avèk legim fre. Silvouplè sonje lè ou pran klas sa a, sa pap pèmèt eksplwatasyon ou an resevwa “Sètifikasyon GAP”. Se yon tyès pati (p.e. USDA, Primus, Global GAP) ki fè sètifikasyon an epi li genyen ladan li reyalizasyon yon odit sou eksplwatasyon an.

 

Aprann Plis
Kòd epi Règleman pou Fwi ak Legim san Danje

Lwa modènizasyon Food Safety Modernization FDA an (FSMA)

Lwa modènizasyon Food Safety Modernization FDA an (FSMA) genyen pou objè asire disponibilite alimantè nan Etazini pa genyen danje ladan li lè li pase de repons a kontaminasyon a prevansyon. Prevansyon kontaminasyon an reyalize lè fokis lan pase nan kontwòl prevantif, enspeksyon, konfòmite, sekirite aliman enpòte, repons rapèl epi amelyorasyon patenarya.

Aprann Plis
Koleksyon Videyo Eleman de Baz sou Aliman san Danje Soti nan Fèm ale na Enstitisyon

Achtè enstitisyonèl yo genyen yon ansanm opsyon pou verifye pratik founisè yo nan afè aliman san danje. Pa genyen yon sèl bon repons ni yon sèl apwòch pou verifye pratik pou fwa ak legim san danje paske sèten pwogram kapab pi konvnab pase lòt pou yon enstitisyon. Se pou sa, li enpòtan pou enstitisyon yo konnen tout varyete opsyon ki disponib yo.

Materyèl sa yo te elabore nan MSU Extension avèk finansman pwogram sibvansyon Fon Edikasyon sou Aliman San Danje nan Depatman Agrikilti epi Devlopman Riral Michigan an.

Aprann Plis
Buenas Prácticas Agrícolas (BPA) del USDA 

Odit Bon Pratik Agrikòl (GAP) yo se odit volontè ki verifye fwi avèk legim yo pwodwi, anbale, anmagazine epi antrepoze pou minimize risk danje nan manje mikwòb koze. Odit GAP yo verifye si moun konfòme yo avèk rekòmandasyon yo ki nan gid ki rele Guide to Minimize Microbial Food Safety Hazards for Fresh Fruits and Vegetables Administrasyon Aliman avèk Medikaman Etazini an pibliye epi avèk pratik aliman san danje ki rekonèt nan sektè an.

Aprann Plis
Haitian Creole