Skip to content

Konpostaj nan Lekòl

close-up of female hand dumping organic food scraps into the compost bin

Pouki pou Moun Konposte?

Konpostaj lan se pwosesis kote moun fè materyèl òganik vin tounen yon amelyorasyon sòl lan pou sèvi sou plant.

Se manje ki reprezante pi gwo kalite dechè yo voye nan dechaj piblik epi li kapab lakòz domaj nan resous natirèl nou. Lè ou itilize dechè manje pou kreye yon sòl ki rich an nitriman, ou kapab ede anviwonnman an.

Le moun konposte, sa pèmèt:

  • Amelyorasyon retansyon dlo nan sol lan
  • Kenbe òganism nan sòl lan
  • Devlope yon strikti nitriman nan sòl lan
  • Nouri plant san itilize angrè chimik

Konpostaj nan Lekòl: Kòman pou Kòmanse

  1. Enfòme direktè ou epi/oubyen distrikt skolè ou avèk pèsonèl refektwa ou lè lekòl ou pral konstwi yon pil pou konposte.
  2. Chwazi yon kote nan lonbraj oubyen ki genyen kont espas pou konstwi yon anklo.
  3. Laboure tè an kote pil lan pral chita.
  4. Poze yon ti kouch ti branch bwa pou pèmèt drenaj
  5. Prepare yon melanj tout kalite engredyan pou asire yon varyete nitriman.
  6. Koupe engredyan yon nan moso 3” epi mete yo an kouch, yon kouch vèt, yon kouch mawon youn apre lòt.
  7. Wouze pil lan jiskaske li imid.
  8. Kouvri li avèk fèy sèch oubyen pay pou kenbe imidite an.
Kalite Konpòstè
Konpòstè Tipik
Konpostè Wotatif
Konpostè ki Sèvi ak Vè

Resous Lokal

Kontakte ekstansyon agrikòl lokal ou oubyen minisipalite ou pou ti konsèy lokalize epi asistans an pèsòn.

Si ou pa prè pou kòmanse pwòp pil konpòst ou, jwenn resous lokal epi patnè kominotè.

Aprann Plis sou Kreyasyon yon Pwogram Konpostaj nan Lekòl ou
Konpostaj nan Lekòl (Anglè) 
Telechaje
Konpostaj nan Lekòl (Panyòl)
Telechaje
Haitian Creole